dimanche 30 août 2015

Ti Peyizan Pam

Gid touris yo


DESKRIPSYON

Ti Peyizan pam, se yon aplikasyon ki kreye pa yon gwoup de 3 jèn devlopè
aplikasyon androyid, aplikasyon sa ap sevi kòm gid touristik pou touris kap vin
vizite peyi d’Ayiti ak tout ayisyen kap viv nan peyi a ou a letranje ki pa konn tout
richès peyi a genyen nan tout depatman yo.

ITILITE APLIKASYON AN
Avek aplikasyon ti peyizan pam nan, touris la ap gen posiblite poul fè konesans
ak 4 bagay kap itil li anpil e kap enpòtan pou li pandan sejou li nan peyi a
tankou:
1- Fwi nou yo
touris la ap konnen tout bèl fwi ki nan peyi a, nan ki depatman fwi yo soti, ki
kapasite medisinal sèten ladan yo genyen, tankou korosol ki se fwi kap lite kont
kansè, li pi pwisan pase chimyoterapy, fey li yo bon pou moun ki paka domi etc.
2- Plaj nou yo
Peyi d’Ayiti se yon peyi twopikal e li chaje ak bèl plaj nan tout rekwen yo donk
touris la ap gen posiblite poul fè konesans ak majorite bèl plaj nou yo pou yo ka
al pran bonjan plezi bò lanmè a kelkeswa kote ye nan peyi a tankou: Labadi, Pò
sali, Jakmèl, nan lwès la etc.
3- Sit touristik yo
Depiw pale de Ayiti ou gentan wè listwa paske anpil lot peyi rekonèt nou se a
travè istwa nou, donk peyi a chaje ak bèl sit ki paka pa enterese kelkeswa touris
la ki ta vini nan peyi a, se pou sa aplikasyon an pral sèvi yo gid poul dikte yo e
montre yon kèk sit kite make listwa e kek sit kise mèvèy mond lan tankou:
Sitadèl la, fò nou yo, gwòt yo ak kèk bèl kaskad ki fè peyi a parèt ekstaòdinè nan
je touris ki vini vizitel deja yo.
4- otèl nou yo
Nou paka ap pale de touris san nou pa pale de otèl yo paske lè yo vini fok yok
gen yon kote ki agreab pou yo repozew yo lè yo fin fè yon jounen ap eksplore
peyi a, se pou sa nou pran san nou pou nou prezante touris yo kek otèl ki

reprezantab daprè kritè ministè touris la tankou: otèl Marriott, Oasis, Indigo etc.

lien application vèsyon web TiPeyizanPam


MOUN KIFÈ APLIKASYON AN
>{Marie Mona Augustin
grafis e devlopè nan aplikasyon androyid
mariemonaaugustin@gmail.com / +50937339098 }

>{Lilavois Max Valentin
devlopè nan aplikasyon androyid
lilavoisslg2@gmail.com / +50944139593 }

>{Sylvaince Irvinton Djason
Etidyan nan syans infòmatik e devlopè nan aplikasyon
djasonirvinton.sylvaince@esih.edu / +50937562575 }

Yon gwo kout mèsi
a Fr Charles Coutard(SLG) ,
Mr Carly Baja (Ing), 
Jules Walter(Ing) 
Jonathan Laguerre(Ing)


e a group "AndroidPam"

lundi 13 juillet 2015

InstagramClient